RI POU LASANTE W!

Gen de sitiyasyon nan lavi ki ka fèw ri jouk ou pipi, konsa tou gen de lòt ki ka fèw kriye jouk ou pran kriz. Men gen de fwa ri a tèlman bon, dlo konn rive sot nan je’w.
Pou anpil nan nou, ri ak kriye se de bagay ki pa kole, yonn pa mache ak lòt, alòs se sa nou konnen. Men dapre yon newològ ameriken ki rele Michael Graziano, ri ak kriye gen menm orijin, yo soti menm kote,nan sèvo a.
Men poukisa li enpòtan pou w ri ?
- Ri se on espò : lè w ri, li fè anpil pati nan kò w travay, sot nan figi w pou rive nan manb ou yo. Li konsidere tankou egzèsis moun abitye fè.
- Ri ede nou fè dijesyon manje yo pi byen : sa rive gras ak kontraksyon lestomak la.
- Ri se yon bon remèd pou estrès : yon moun konn estrese akoz yon travay ki poko fini, yon maladi ki domine lespri l’ oubyen yon tansyon sikolojik. Estrès la konn lakoz moun yo malad (paka dòmi, fatig, depresyon, elatriye). Ebyen ri a ap ede moun nan wete sousi ki nan tèt li pou yon moman. Ri à lage nan kò a yon òmòn ki fèw rilaks.
- Lèw ri li pèmèt ou aprann pi byen : ri ede moun nan aprantisaj yo. Men twa eksplikasyon Dr Lewis bay :
- Ri ede’w jwenn yon fason ki agreyab, kotew santiw byen detann pouw aprann. Epi tou, li diminye lakay ou pè echwe ou te genyen oubyen laperèz pouw pat fè erè.
- Ri a libere lakay ou yon bagay ki rele katekolamin (catécholamines) ki pwodwi andomòfin (endomorphines) ki pwal fè bese anksyete ak enèvman w. Ri a fè lespriw reveye pi fasil, epi li amelyore memwa.
- Epi ri a se tankou yon kous a pye pou lespri a, li pèmèt li toujou an egzèsis.
Ri tou se yon kalman pou doulè : Lè yon moun ri sèvo moun sa sekrete nan kò l yon likid ki rele endorphine en fransè. Endorphine la se yon òmòn nou ka konsiderel tankou ti sè morphine. Lè likid sa gaye nan ko a li diminye doulè a. Li ka menm fè li pati.
Gen anpil bagay toujou ri pèmèt, tankou : yon pi bon respirasyon, bon somèy, bon fonksyonman kè a, elatriye.
Si gen bagay ki ka fè moun kriye, gen plis bagay ki ka fè moun ri. Rete bò kote zanmi ak fanmi kap bay bon nouvèl oubyen bon blag.
Repase bon souvni yo ak bagay ki te pote lajwa nan kèw pandan yon tan, menm si sa fè lontan ak tout sa ki ka pèmèt kè w kontan.
Wilcox Toyo, Sikològ