Kansè se yon maladi kote pwòp selil kòw donnen san ankenn rezon. Chak selil ki nan kò nou gen yon lè pou li miltiplye, yon tan poul viv epi yon lè pou l mouri. Lè selil yo pa mouri, yo tounen pwazon andedan kò nou, pwazon ki ka gaye toupatou epi ki vin lakòz lanmò nou.

Pou kansè pa ravaje andedan w men kisa pou fè lè w se yon fanm. Kansè nan tete ak nan kòl matris se yo ki ka nwi nou pi plis. Pandan wap benyen, pran tan pase menw sou tete’w pou sa gade si ou pa santi ladan yo de ti boul ki pat konn la. Lè w rive 40 lane, al fè mamografi. Mamografi a se yon egzamen ki fe doktè yo wè siw gen kichòy ki pa nòmal nan tetew. Doktè w ap di w kote pou w fè l. Pou kòl matris ou menm depi ou nan fè bagay, ou gen plizyè nèg, osinon si ou gen maladi a nan fanmi’w, al fè PAP TEST. Selon ki rezilta ki tonbe doktè a ap di’w kilè pou tounen kotel.

Pou kansè pa domine mesye yo , men kisa pou yo fè. Kansè pwostat konn deranje lavi mesye yo, fè yo mal pou pipi e menm gen difikilte pou yo bande. Fòk yo konnen depi 40-50 an rive fòk yal wè yon iwològ  (ki se yon doktè ki okipe aparèy seksyèl gason)  pou li fè tès PSA pou yo oubyen pou l tate pwostat yo pou l sa wè si tout bagay nòmal. Si mesye yo gen moun nan ras yo ki te genyenl deja fòk yal fè tès la pi bonè toujou. Fò n pa tann 40 an. Se sèl yon doktè ki ka di nou kisa pou nou fè e kilè pou nou tounen.

Pa bliye, se pa selman kansè sa yo ki egziste. Chak kansè gen egzamen pal. Lesansyèl se pa neglije al wè yon dokte lè w suspèk kò a pa fin yès.

Maladi kansè ka pran tout moun, timoun kou granmoun , fanm kou gason. Se sel yon doktè ki ka diw ki tès pou fè e ki maladi ou soufri. Al kay doktè.