Kisa planin lan ye epi konbyen kalite planin ki genyen ?

Planin lan se yon metòd medikal ki pèmèt medam yo kontwole pi byen pouvwa fè pitit yo, konsa yo pa nan si m te konnen, yo planifye avni yo ak avni fanmi yo avan li twò ta. Jiska prezan genyen plizyè kalite planin ki egziste pami yo wap jwenn sa ki vini sou fòm piki, konprime. Genyen tou ki vin sou fòm enplan, yon ti bagay yo mete anba bra fi a, epi gen yonn yo rele Dispozitf entra-iteren, ansyen nonl se sterilè.

Eske depi ou pran planin wap gwosi ?

Selon sa doktè Stéphane Michel rive eksplike nou, se pa planin lan ki gen fè moun lan gwosi. Sa pral depann de kò moun lan. Anplis fòk nou pa bliye bagay nap manje yo konte anpil tou nan zafè gwosi a. Paske anpil grès ak farin ka gwosi moun lan trapde tou pandan li nan planin lan.

Eske planin lan se yon lòt fòm avòtman li ? Eske kretyen ka fè planin ?

Depi lontan anpil moun legliz te toujou kwè planin lan te ka lakoz yo pèdi nanm yo paske te gen anpil lide ki ta vle fè kwè planin lan se yon lòt fòm avòtman li ye. Ebyen anpil rechèch lasyans pwouve aklè planin lan pa la pou fè moun jete pitit. Okontrè, li la pou anpeche medam yo ansent san yo pa pare paske li anpeche espèm gason an rive jwenn ak ovil fanm lan. Konsa pap genyen pyès kè sote pou zafè gwosès. Fè planin pap nwi w pa rapò ak kouch sosyal ou, kwayans ou ak ideyoloji w. Wi kretyèn yo ka fè planin e moun nan nenpòt ki relijyon ka fè l tou.

Ki jan de fanm ki ka fè planin?

Depi fanm lan fòme epi li nan laj pou l fè pitit li kapab pran planin lan san kè sote. Men si li rive nan menopoz li kòm ki dire li pa ka fè pitit ankò planin lan pa vrèman yon nesesite pou li.

Eske moun ki poko fè pitit pa ka fè planin ?

Wi. Toujou daprè doktè Stéphane Michel, planin lan fèt pou tout fanm ki fòme kit li gentan gen pitit kit li poko genyen. Yon moun ki poko fè pitit ka toujou fè planin li san pwoblèm, epi lè li deside fè pitit la lap jis al wè yon doktè epi mande l pou li kanpe plan planin li an.

Poukisa yon fanm ta dwe fè planin ?

Tout fanm konsekan ki ta renmen genyen bon jan kontwòl sou lavi yo epi akonpli rèv yo kòmsadwa ta sipoze fè planin si yo nan fè sèks. Paske fè yon timoun avan lè ka ralanti w nan aktivite w, sitou si w lekòl osnon nan inivèsite toujou. Epi konsa wap evite al tonbe nan malè pandye tankou devlope gwo pwoblèm sante oubyen menm rive pèdi lavi w, si tout fwa ou tal tante fè avòtman pou jete pitit la. Kèk fwa, yon gwosès konn vini san zatann, sa ki konn mennen avòtman ak tout konsekans sa ka genyen sou sante fi a ak sou ekonomi 2 moun yo. Planin lan ede ou menm ak patnè w lan planifye avni an pi byen.

Lè yon fanm fè planin kijan li santi l?

Yon fanm ki fè planin santi l pi lib pou pran bon jan desizyon pou byennèt li nan lavi l, li pi alèz pou l trase chimen kap bon pou li a san okenn kontraryete. Sa pèmèt li fè tèt li plis konfyans epi wete tèt li nan zafè dout lan.

Kenslay Desence

avèk patisipasyon doktè Stéphane Michel, jinekològ

Village Santé