Solisyon pwoblèm jwenn san nan peyi a 100% men nou !

Nan peyi nou Ayiti, pa gen ase doktè, ni mis, ni laboratwa pou ta bay tout moun sèvis. Menm lè sa, tikal pwofesyonèl lasante ki rete yo ap degaje yo bay popilasyon an laswenyaj. Kalite sèvis medikal ki disponib la pa toujou gen nivo estanda, paske nou manke mwayen. Mwayen nap tann lan dèfwa se leta ki pou metel disponib dèfwa se nou menm menm ki pa patisipe, ki pa mete tèt kole pou bay doktè yo mwayen yo bezwen pou fonksyone korèkteman.
Jodia nou pa pral diskite sou gwo mwayen teknik ki pèmèt nou fè diagnostik rapid tankou eskanè, oswa tès laboratwa gwo nivo, men nou pral diskite de mwayen ki ka pèmèt nou sove lavi moun. Pouw sove la vi yon moun ki malad fòk ou trete maladi a –trete maladi a vle di bay medikaman e pifò medikaman se yon konpani ki pwodwi yo, men gen yon bagay kò a bezwen epi pa gen okenn konpani sou tè a ki ka pwodwi l : se SAN. San pa medikaman, men gen dèfwa se li ki sèl pwodwi ki ka pèmet lavi yon moun sove, siw pa gen san kibò medikaman yo pwale ?
Se pa ayè anpil moun ap fistre – nève – dekouraje paske yo paka jwen san pou yon fanmi oswa yon zanmi ki sou kabanm lopital prèske mouri. Nan zafè san sa leta, lopital la, doktè a, lakwa wouj, se pa yo ki reponsab yo à SE NOU TOUT sitwayen Ayisyen KI RESPONSAB si pa gen san disponib nan peyi a.
Avan mwen eksplike nou kote pwoblèm jwenn san an se nan nou li soti, m ta renmen patage lide sa avèk nou : apre malad la ki sou kabanm lan ki an difikilte, pèsonel medikal la (doktè ak miss yo) se nou ki pran plis fistrasyon, plis kè kase lè nou devan sitiyasyon kote nou konnen sak pou fèt la e nou pa gen mwayen fèl la !!!
Ministè Sante piblik reprezante leta, se li menm ki ap sipèvize si pwogram transfizyon (pwogram bay moun san) ap mache byen. Lakwa Wouj Ayiti a la pou resevwa san an, verifye si li se yon san yo ka bay lòt moun epi fè distribisyon sou tout peyi a.
Men san sa nap pale a kote pou Lakwa Wouj jwenn li? Se nou menm ki pou pote tèt nou kòm sitwayen responsab pou bay san ! San nou bay la pa vle di ke yap kouri bay yon moun li paske li gen dwa kontamine ak lòt maladi. Sa vle di fòk yo analizel et fòk anpil moun bay san pou yo jwenn yon kantite ki rete ki korèk pou yon lot sitwayen ka recevwa. Epi san nou bay la, yo paka kenbe l plis pase 42 jou non…sinon lap ekspire.
Tout moun ki gen plis pase 18 lane, ki peze plis pase 50 kilo, ki pa anemi oswa ki pa malad ka bay san. Yon gason ka bay san jiska 6 fwa na yon lane e yon fi ka bay jiska 4 fwa nan yon lane. Siw pa ka bay pou yon rezon kelkonk, ou ka toujou patisipe – reflechi fè reyinyon ak sansibilizasyon epi òganize yon jounen kolèk san nan katye lakay ou – nan travay, nan inivèsitew – nan legliz ou avèk kolaborasyon lakwa wouj
Sonje chak ti gout san konte – si tout moun ki te ka bay san te bay li menm yon sèl fwa chak ane – Solisyon Pwoblem san tap kòmanse gème nan peyi a. San pa yon pwodwi yo vann, se yon jès lanmou pou Ayisyen parèy ou, se yon jès solidarite.
Dr Veauthyelau SAINT-JOY
Village Santé
Pingback: Solisyon pwoblèm jwenn san nan peyi a 100% men nou ! — Lakay.press