Anpil fwa nou tande moun ki di yo fè maladi fibwòm, nou taka menm di se yon maladi ki alamòd tèlman yo pale de li. Jodia nap pral fè yon rale sou li pou tout moun ki nan vilaj la ki bezwen enfòmasyon ka konnen kisa li ye menm.

Maladi fibwòm lan se yon maladi ki enterese fi sèlman paske se yon maladi ki develope nan matris e se sèlman fi ki gen matris nan vant yo (kote ti bebe a rete lè fanm yo ansent). Fibwòm nan se yon fòm timè (sa vle di yon sitiyasyon kote yon mòso nan kò w ap develope poukont li san kontwòl – tankou yon chè donnen), men fibwòm lan pa yon kansè. Kansè a li mem se yon timè ki gen kèk ti moso ladanl ki ka deplase kite kote lap donnen an epi al chita nan yon lòt pati nan kò moun nan.

Maladi yo bay pou fibwòm lan manifeste tèt li yon pakèt fason, gen de moun se dire règ yo ki vin pi long – gen lòt se gwo doulè anba ti vant yo epi gen lòt moun menn se paka fè pitit. Gen de fwa tou li si tèlman gwo, li fè vant fi a monte. Yo konn menm panse fi a ansent alòske se fibwòm lan. Li konn bay lòt pwoblèm ankò tankou paka kenbe pipi – doulè nan fè bagay, elatriye.

Gen anpil rezon ki ka fè fi devlope fibwòm : laj li – ras li (Moun ki nan ras nwa – avek gwosè moun nan à plis ou gwo plis ou gen risk fè fibwòm.

Anpil fi ki gen fibwòm viv maladi sa avèk anpil kè sote paske gen nan yo ki tèlman ap senyen yo vin anemi – gen nan yo ki trete deja epi ki wè li retounen, konsa tou genyen ou konn tande se tout matris la pou yo retire!!!

ATANSYON ! Tretman maladi fibwòm lan pa menm bagay pou tout fi. Paske tout fibwòm devlope nan matris se vre men yo pa donnen menm kote ladanl – yo pa menm gwosè e chak fanm pa gen menm sitiyasyon (genyen ki gentan fè pitit – genyen ki poko fè pitit) – genyen ki reponn a kèk medikaman, genyen se opere sèlman ki ka ede ; operasyon an se kap yon moso yo retire ladanl, gendwa se tout matris la ki pou retire.

Fibwòm la pa yon maladi ki nouvo. Nou retwouve li pi plis jou sa yo paske gen plis fi ki al wè doktè jinekològ epi tou mwayen pou fè dyagnostik la pi aksesib tou. Menm lè sa anpil fwa medam yo pran desizyon pou al wè doktè a ta! Se sa kifè yo rive lè bagay la vin gwo epi pi difisil pou jere.

Nou ta renmen nan ti koze sa sou sante fanm yo konseye medam yo pa tann lè nou santi nou malad pou nou konsilte doktè. Ou ka pa santi anyen nan kò w men fòk ou toujou fè ti vizit kontwòl. Paske anpil maladi fanm pa gen klaksòn – yo rive sanzatann (tankou fibwòm – kis nan ovè – kansè tete – kansè matris). Fanm se poto mitan sosyete peyi nou – Sante fanm sipose yon priyorite pou tout moun !

Doktè Garry René

Jinekològ